
POU PIBLIYE TOUSWIT
4 oktòb 2024
Crystal Rosa (Newark): rosac@ci.newark.nj.us
DEKLARASYON KONJWEN KOMISYONÈ NJDEP SHAWN M. LATOURETTE AK MAJISTRA NEWARK RAS J. BARAKA
SOU ANKÈT RANPLASMAN TIYO KI FÈT AN PLON
TRENTON – Depatman ki okipe pwoteksyon anviwònman nan New Jersey (New Jersey Department of Environmental Protection, NJDEP) ak Vil Newark kontan pou sa ki fèk pase nan yon ankèt Biwo Pwokirè Etazini an te fè. Ankèt sa a te mennen nan arestasyon de (2) moun. Yo akize moun sa yo pou fwod paske yo pa t fin chanje tout tiyo ki fèt an plon yo nan kèk kay kote yo te dwe fè sa ant 2019 ak 2021.
An janvye 2024, yo te fè Newark ak NJDEP konnen gen kèk pwoblèm. Yo te di ke nan kèk ka, konpayi yo te peye pou chanje tiyo ki fèt an plon nan Newark pa t fè travay la nèt jan yo te dwe fè l. Sa vle di yo pa t chanje tout tiyo yo nèt, soti depi nan kontè dlo ki anndan kay la rive jouk nan gwo tiyo dlo ki nan lari a. Lè sa a, Newark ak NJDEP te deside fè yon enspeksyon pou jwenn ki kay ki te gen pwoblèm sa a. Yo te kòmanse al gade pou wè si yo te byen chanje tout tiyo ki fèt an plon yo jan yo te dwe fè l. Sa te fèt pou asire sekirite tout moun k ap viv nan zòn nan pou lontan.
Enspeksyon an te kòmanse an janvye 2024. Yo te chwazi kèk kay espesyal pou gade, epi yo te chwazi lòt kay owaza. Nan tout, yo te fouye plis pase 700 kote pou gade tiyo yo.
Nan enspeksyon espesyal la, yo te fouye 403 kote pou gade tiyo yo. Nan kay sa yo, yo te jwenn 33 ki te toujou gen kèk moso tiyo ki fèt an plon ladan yo, yo te ranplase yo. Jan Newark toujou fè apre yo fin ranplase tiyo yo, vil la te bay moun k ap viv nan kay sa yo filtè pou mete sou wobinè yo pou anpeche plon pase, epi yo te montre yo kijan pou yo kite dlo a koule yon ti tan anvan yo sèvi avè l. NJDEP ap gade enfòmasyon yo te jwenn nan enspeksyon yo te fè owaza yo.
Sa ki enpòtan, NJDEP konfime ke Newark ap byen trete dlo a pou anpeche l wouye tiyo yo. Sa ap pwoteje moun ki gen dlo ki ka antre an kontak ak tiyo ki ka gen moso plon toujou ladan yo. Newark te montre tou ke li respekte tout sa gouvènman federal la mande pou fè. Pou kounye a, moun ki rete Newark pa bezwen pran okenn lòt prekosyon anplis ak dlo yo bwè a.
Depi Vil Newark ak chèf NJDEP yo te tande pawòl sa yo, yo te aji touswit. Nou fyè paske ankèt sa yo te mennen nan arestasyon moun ki te mele nan zafè sa a, epi jistis ap fèt. Nou di mèsi tou pou moun Newark yo ki te ede nan ankèt la, ki te kite nou fouye nan lakou yo.
Menm si yo akize moun sa yo, vil la ak NJDEP toujou kwè pwogram pou chanje tiyo ki fèt an plon yo te byen mache. Yo te rive chanje 23,190 tiyo. Pwogram sa a se yon bon egzanp pou tout peyi a sou kijan pou diminye danje plon nan dlo.
###